Search This Blog

Thursday, October 4, 2012

Bouklye Limyè


O Bondye, Gran Achitek, Siprèm de tout lòt dye ki nan syèl yo, ou menm ki se Papa  Seyè  ak Sovè nou an Jezi Kris, Papa nou ki nan Syèl yo, nou desann nou byen ba kounye a, nan moman sa nou konsidere ki enpòtan anpil  pou nou tout kap viv nan peyi d` ayiti, peyi zansèt nou yo  te kite pou nou, gen plis pase 2000 ane. Tanpri  papa rantre nan ke nou ede nou, vin Lanmou tout bon, paske Lanmou se inik chimen ki ka pèmèt nou rete an  kontak ak tout plan, envizib, kit an wo kit anba. Papa toupisan e inivèsèl, ede nou devlope kapasite sa a yo, ouvri kè nou ak enèji ou, ak enspirasyon ou .
 Bondye ou menm ki twa fwa sen, ranfòse nou, vivifye nou, san èd ou nou  pap ka janm soti nan chenn  esklavaj ki  nan tèt nou, nan l`espri nou, ki fe nou toujou depann de lot moun, e ki fe nou paka monte pi wo. Men nou kanpe jodia, ak tout sa ki konnen, tout sa ki soude ak fem konviksyon nou , Pou nou  derape ak peyi d`ayiti tout bon nan fen tan yo . Nou rann nou kont ke pagen tan anko, jodia nan gwo  dat 12 Desanm, 2012 sa, nou mandew, O Gran Mèt, nan moman midi sa a menm ; kote 7 jou yo make 7 fos kap domine ni anwo ni anba . Aksepte pou nou ofrann nou yo ki soti nan kè nou ki brize ak lespri nou ki dezole, tanpri libere nou de tout erè nou yo, doulè nou yo, peche nou yo  ak tout sa nou te fè mal depi  tan menmbo.  Tanpri  ouvri kè nou ak  renmen san parey ki soti bo kotew, ki se kle inivèsèl tout pòt nan mond lan.
Nap mandew : favè ak kè sansib, paske tout peyi ki desann ou gen pouvwa pou fe-l monte. Se pou limyè ki nan ou efase fènwa ki nan nou, gen pitye pou nou, lave nou de tout sa nou fe ki mal, netwaye nou ak branch izòp, delivre nou anba tray nou yo, ede nou gen konsyans de eta  déplorable ke nap viv: nivo ki pi ba ke yon pep ka ye, ke  chak moun  ka monte nan nivo pou yo konnen e chwazi sa ki bon yon fason pou nou mache nan limyè epi rete an amoni  ak tout eleman ki sou te-a tankou :  eleman dife, lè a, dlo, te-a  ak  Etè-a.
Vini nan  nou: ou menm ki Sous tout gras -  dife sakre ki sot nan lanmou divin – charite san parey ou te ofri ak disip ou yo – onksyon bon lespri ki fè nanm nou rete kole nan ou – vre lespri ki dwe toujou nan nou –Fe lespri bon konpran ki te nan tet salomon vin sou nou -  Lespri konesans  ak fos ki dwe manifeste nan tet tout gwo dirijan nou yo - Lespri imilite ak syans -  Lespri  respè pou Seyè a ki fè nou konvèti chak jou - Lespri  favè ak lapriyè - Lespri konfyans – Lespri dousè ak imilite - Lespri  lapè ak pasyans  - Lespri  modesti  ak purete - Lespri  konsolatè -  Lespri  inivèsèl ki ranpli tout ekzistans - Lespri  otonomi - lespri Jistis.
"O Papa , se pou fè lespri divin w lan desann ak flanm, ke Kris la te pote sou tè-a  e ke li te vle fè jayi tout kote . Gran mèt nou, ban nou   kom boukliye limyè , bon lespri ki soti bo kotew,  pou ede nou  nan fason nap aji, nan tout sa nap fè,  sosyalman ak espirityèlman:  pou 100 tan ak  milye lot ane kap vini yo. "Nan non pitit gason w lan, Jezi Kris. Hozana ! Hozana ! Hozana ! pou kote ki pi wo nan  syèl -yo, amèn.

Augustin jean Leptune
Chercheur  et Théologien
509 37 10 03 82